Bandi yo pa ka patnè sosyete a…

Hérold Jean-François
13 janv. 2025 — Lecture : 4 min.

Liné Balthazar 

Prezidan PHTK pati bandi legal a. Ki sa nou vle li te di ankò? Kòlè n’ap fè a se paske nou bliye ki sa ki PHTK a. Nou pa dwe janm bliye se pati tèt kale a ki vini ak slogan bandi legal a. Se nòmal pou Liné Balthazar pa wè lòt bagay san se pa legalizasyon bandi yo, kote nou mete yo sou moun, nou fè yo vinn chita sou tab negosyasyon alòske men yo plen san tout kalite viktim yo fè tout dènye ane sa yo. Nou pa gen dwa fè peyi a sa. Nou pa gen dwa vire do bay listwa grandè peyi Dayiti manman libète ki simaye grenn libète a van gaye sou tout kontinan Amerik la ak sou tout latè beni… Memsi bandi yo rale zam sou nou, nou pa ka bliye bann masak yo fè toupatou Sous Matla, Ponsonde, Savyen, Waf Jeremy, Site Soley, Bèlè, Solino, Kwiswa, Nazon elatriye, kote yo mete preske yon milyon moun nan kouri, deplase kouri kite kay yo,ki fè Pòtoprens tounen yon vil zonbi ki pèdi wout yo, al viv nan kan nan move kondisyon. Nou pa ka fè pil moun bandi ak gang yo masakre yo pase nan pèt e pwofi, epi sou kadav yo tou cho la, soti ayè nan Lopital Jeneral ak lòt kote ankò epi nou pase men nan kou bandi yo kote nou di yo an nou bliye sa, se frè nou ye! Pouki sa bandi sa yo pran tèt yo la? Si bandi yo vle pouvwa, si yo ka al enstale tèt yo pou kont yo nan pouvwa a enben boule gra. Men okenn sitwayènn ak sitwayen reskonsab ki respekte lit ak revandikasyon pèp ayisyen an pa’p bay okenn bandi woulib pou yo monte sou pouvwa sou pil kadav pèp la…

Se nou menm pouki pa aksepte yo foure bandi yo nan gòj nou pou nou vale yo epi dijere yo kòm sosyete. Nou pa ka janm aksepte yo enpoze nou bandi yo kòm patnè nan sosyete ki chita sou lalwa nou pa janm sispann mande a.

Apwòch sa, se yon fot istorik gravman grav ki blasfeme lespri zansèt nou yo ki leve kanpe soti anba eksplwatasyon pou yo ban nou peyi nou genyen la.

Zansèt nou yo te vle yon peyi ki chita sou lalwa, kote tout moun se moun. Kote tout moun gen menm dwa. Dessalines ak tout lòt ewo Endepandans nou yo te vle yon peyi ki chita sou lalwa. Yo pa te vle yon peyi kote bandi sou fòs zam se yo k’ap fè la lwa, nan antre pran sa moun posede, kay yo redi fè, antrepriz yo fè anpil ane ap redi kenbe an vi, ti byen yo redi fè nan bat dlo pou fè bè, antre mete dife nan kay yo pase vi yo ap konstri. 

Zansèt nou yo pa te vle yon peyi kote moun k’ap dirije’l yo, se yon bann bandi kidnapè kadejakè. Plas bandi se pa sou tab negosyasyon. Plas bandi se nan prizon ak kòd lajistis nan kou yo. 

Okenn peyi ki di li vle evolye nan yon sistèm etadedwa pa ka aksepte se bandi ki fè lalwa epi enpoze lwa pa yo ki chita sou viyolans, asasina, dappiyannp spolyasyon kay ak byen moun epi sou kidnapinn ki se komès moun, zansèt nou yo te sibi. Bandi kidnapè k’ap vyole fanm ak timoun pa dwe benefisye pwoteksyon lwa peyi Dayiti ki kreye kont esklavaj epi komès moun. 

Nou tout dwe leve kanpe fè tande vwa nou! Non! Nou pa vle bandi dirije’n, ni pretann jwenn plas sou tab negosyasyon. 

Sa se ta’p pi gwo imilyasyon pou lespri Zansèt nou yo,pou sakrifis yo te fè pou kase chenn esklavaj kolon eksplwatè te mete nan tèt yo pandan 300 lane. Menmjan Zansèt nou yo te di : “pito yo mouri tan pou yo pa viv lib” ki tradui an franse : “ Liberté  ou la mort”. Nou menm tou, pou nou diy de Zansèt nou yo, nou dwe di : “Pito’n mouri tou tan pou’n ta otaj okenn bandi paske yo pwente zam yo sou nou”… 

Peyi a dwe leve kanpe an blòk, mobilize pou fòse Leta jwenn mwayen pou bay bandi yo repons yo merite. Se fòs lalwa ki dwe referans peyi nou tout vle fè a!

Swadizan lidè ki vle legalize bandi yo, peyi a dwe vomi yo epi jete yo nan poubèl listwa.

Hérold Jean-François