Pèp ayisyen, konpatriyòt nan tout 4 kwen peyi a, konpatriyòt ki nan dyaspora a, frè m ak sè m yo ;
Sa fè 10 jou depi peyi a ap viv yon moman difisil, yon moman ki bay anpil kè sote ;
Sa fè 10 jou depi timoun yo pa ka ale lekòl, lopital yo pa ka bay laswenyay, gwo biznis ak ti biznis pa ka fonksyone ;
Sa fè 10 jou tou depi Leta ap pèdi anpil lajan. An menm tan tou, popilasyon an soufri anpil. Akòz wout ki bare, li pa ka jwenn dlo potab, li pa ka jwen manje, li pa ka jwenn gaz, li prèske pa jwenn kouran. Tout sa ki ka mennen