Refleksyon sou eritaj jenerasyon 1986 la
Master Dji te chante volonte pèp la konsa:
« Yo di menm si yo pa gen manje,
Omwen lespri yo va delivre. »
An 1986, pèp ayisyen an te konnen klèman li t ap pran wout yon destinasyon li pa t konnen. Men li te vle anbake kanmenm, ak tout kè l, ak tout nanm li. Li te prefere sòti nan inèsi, mete lavi l ak avni l an danje, pase pou l kontinye aksepte mòd de vi diktati a te enpoze l la. Depi lè sa a, karant ane pase n ap tatonnen, e sa fè anpil kesyon soulve. Èske nou deja pèdi paske nou poko jwenn vrè chemen an? Èske nou te twonpe nou? Èske nou pa t dwe fè 1986? Gen moun ki ale pi lwen toujou. Yo kondane jenerasyon ki te mennen batay sa a, kòmkwa se li ki ta responsab tout malè ki rive peyi a depi lè sa a. Men, èske nou kapab jije lejitimite yon batay sèlman dapre rezilta li bay?
Epitou, jodi a, li pi fasil pou n jije yo, paske n ap viv yon reyalite ensoutnab. Nou konnen sa ki te pase apre. Nou konnen desepsyon yo, sakrifis yo ak pwomès ki pa t reyalize yo. Men, jenerasyon sa a pa t konnen sa nou konnen jodi a. Yon moun ki nan prizon pa bezwen konnen ki travay li pral jwenn demen pou li gen dwa mande libète li. Yon pèp ki anba opresyon pa bezwen prezante yon plan pafè pou avni li anvan li gen dwa reklame diyite li. Se la mwen wè tout fòs mesaj Master Dji a.
Daprè vè chanson Master Dji a, jenerasyon 80 an te konprann, e li te konsyan, li pa t gen tout sajès ak tout konesans li te bezwen. Li pa t ka predi lavni. Sepandan, sitiyasyon li t ap viv la te entenab. Nou pa bezwen retounen sou sak te pase yo men nou sonje yo te rele rejim nan « rejim bout di ». Bagay yo pa t fasil, e se sa k fè yo te gen tout dwa ak rezon yo pou yo te aspire a pi bon kondisyon lavi.
Lè yon pèp rive di li kapab manke manje, men li pa vle kontinye viv avèk lespri li nan chenn, li pa nesesèman ap minimize enpòtans manje. L ap fè nou konprann gen yon dimansyon nan egzistans moun ki pa kapab mezire sèlman avèk satisfaksyon bezwen materyèl yo. Manje nesesè pou kò a viv. Men, libète nesesè pou moun nan viv avèk diyite. Poukisa pou n pat ka gen manje ak libète an menm tan?
Malerezman, depi nou tanmen mach pou chanje lavi sa a, nou remake bagay yo vin pi konplike chak jou. Nou nan yon travèse dezè ki poko janm ka fini. Mwen pa vle fè soufrans tounen yon nesesite istorik. Pa gen okenn rezon pou nou konsidere mizè, ensekirite ak imilyasyon kòm yon pri yon pèp oblije peye pou li jwenn libète. Men, mwen pa kwè nonplis difikilte yon pèp rankontre sou wout li sifi pou pwouve li te gen tò lè li te kòmanse mache.
Lèm gade lanmè a, mwen pa jwenn okenn rezon ke yon moun pran yon ti bato poul kite peyi l pou l ale chèche repo yon lòt kote. Kwè m siw vle, li pa kapab viv ankò. Rete vle di lanmò pou nanm li, san espwa pou li alòske ale vle di espwa pou li e nou konnen espere se viv. Donc, li pa pè pou l pèdi wout li, li kapab tonbe, li kapab menm regrèt kèk desizyon li pran pandan vwayaj la. Men, sa yo vle di plis pou li pase li te rete kote li t ap soufri a. Se menm jan an mwen konprann jenerasyon 1986 la. Li te gen dwa pati. Li te gen dwa espere. Li te gen dwa kwè yon lòt lavi te posib.
Anpil moun di lòt koze toujou; gen moun ki di nou pèdi chemen nou paske nou bliye kilti ak sous nou, genyen ki di nou te vann peyi a bay djab, oswa nou fè twòp sakrifis ki fè malediksyon tonbe sou nou. Men pa gen youn nan ide sa yo ki ka eksplike poukisa nou poko ka rive. Paske si se te pou krim ak pou mal nou fè lòt moun, nou pa t ap klase wo nan klasman sa a. Nou pa janm al kraze peyi moun; okontrè, se byen sèlman nou fè ak lòt peyi. Konpare ak peyi kote dirijan ap fè pwòp popilasyon yo pase mizè, nou pa gen ase mal nan nou pou n ta okipe yon plas konsa, jiskaske malediksyon ta tonbe sou nou. Si se te selon byen ak mal yon peyi fè pou l ta beni oswa modi, nou t ap jwenn anpil benediksyon.
Mwen menm, ak anpil lòt moun, nou vle kontinye kwè n ap rive kanmenm. Nou pa kwè nan yon Ayiti ki fèt pou soufri. Nou kwè nan yon Ayiti ki poko rive jwenn tout mwayen pou li reyalize aspirasyon li yo. Pa paske nou pa wè kantite batay nou deja pèdi. Pa paske nou pa konprann gravite reyalite n ap viv la. Men, paske nou kwè yon batay yon jenerasyon pèdi pa oblije kondane jenerasyon k ap vini an pou li pèdi pa l la tou.
Chak jenerasyon gen konba pa l k ap tann li, e nou kwè yon konba jenerasyon anvan an pèdi pa menm mete konba jenerasyon k ap vini an an danje. Se vre, pou w genyen yon konba, li nesesè pou w byen kòmanse konba a, e li menm pi fasil pou w genyen l si w eritye de jenerasyon anvan an zam ki adapte pou w byen kòmanse konba a. Men nan anpil sikonstans, sa pa sifi pou defini kijan konba a ap fini. Manche ponyèt ou, goumen l ye tonton !!!
Se pa paske nou pa t jwenn bon zam ak bon mwayen pou n kòmanse konba a pou n ta krache sou eritaj jenerasyon anvan an. Jenerasyon 80 an te aji nan liy zansèt yo. Nou dwe gen kouraj rekonèt erè yo, men nou dwe gen jistis tou pou nou rekonèt sakrifis yo. Yo te goumen pou yon peyi lib, pwospè, ki respekte valè fondatè peyi a depi nesans li: Libète, Egalite, Fratènite Repiblik d Ayiti. Nou deja pèdi plizyè batay, men zansèt yo voye m di nou: nou p ap pèdi lagè n ap mennen pou n chanje peyi nou vle kite pou pitit ak pitit pitit nou yo.
Karant ane apre 1986, kantite tan pèp izrayèl la te pase nan dezè a. Menm jan ak yo, nou gen anpil rezon pou nou tris, pou nou fache, pou nou desi. Men, èske desepsyon nou dwe fè nou regrèt libète nou te reklame a? Èske echèk nou yo dwe fè nou kwè soumisyon te pi bon pase espwa? Mwen pa kwè sa.
Mwen kwè jenerasyon 1986 la te gen dwa reve. Li te gen dwa goumen. Li te gen dwa refize lavi yo te enpoze li a, menm lè li pa t konnen tout sa lavni te sere pou li. Mwen kwè tou nou gen dwa fè menm bagay la jodi a. Nou gen dwa refize sa ki pa bon. Nou gen dwa espere yon lòt peyi. Nou gen dwa goumen pou pitit nou yo pa oblije eritye menm soufrans nou yo.
Men, nou gen devwa pou nou aprann de erè pase yo, san nou pa kite erè sa yo fè nou pèdi konfyans nan valè libète a. Nou pa dwe konfonn echèk yon jenerasyon ak echèk yon ideyal. Nou pa dwe konfonn longè chemen an ak enposiblite pou nou rive. Epi tou nou pa dwe konfonn fènwa nou ap travèse a ak yon desten ki kondane nou pou nou pa janm wè limyè.
An bon ayisyen, nou konnen nwit la long se vre, men lè li plis fè nwa a se lè sa a li pral fè jou. Se poutèt sa, jodi a, mwen ta renmen poze pèp ayisyen an menm kesyon Master Dji te poze nan chante « Sispann » nan:
«Èske w ta renmen tounen?»
.png)