Defi mekanizasyon dirab agrikilti familyal la nan peyi d Ayiti

EntwodiksyonAgrikilti familyal rete baz pwodiksyon manje peyi d Ayiti.

Par Nolex Fontil
24 août 2026 — Lecture : 5 min.
Defi mekanizasyon dirab agrikilti familyal la nan peyi d Ayiti

Paysan dans son champ

Entwodiksyon

Agrikilti familyal rete baz pwodiksyon manje peyi d Ayiti. Li okipe majorite espas riral yo, epi bay pase 2/3 popilasyon aktif nan zòn riral yon okipasyon travay.⁣⁣⁣ Dapre dènye resansman agrikòl Ministè Agrikilti ak FAO, nan ane 2009, Ayiti te genyen 1,018,951 eksplwatasyon agrikòl. Sipèfisi mwayèn yon eksplwatasyon te anviwon 0,72 kawo, sa ki reprezante apeprè 0,93 ekta. ⁣⁣Malgre wòl kritik li, pwodiktivite agrikilti familyal la toujou trè fèb, akòz plizyè faktè estriktirèl ak teknik. Anpil pwodiktè toujou depann de zouti tradisyonèl tankou wou, pèl, bèch, ak pikwa. Zouti sa yo mande anpil efò fizik, yo ralanti pwosesis travay la e yo limite kapasite pwodiktè pou gentan pwofite sezon agrikòl yo. ⁣⁣

⁣⁣⁣

Mank modènizasyon ak inovasyon pwovoke yon tandans abandon sektè agrikòl la, yon bon pati jenès riral la prefere leve pati ale lavil ak nan peyi etranje oubyen rantre nan lòt kalite aktivite. Kidonk, renouvèlman jenerasyon pwodiktè kounye a yo pa otomatikman asire. Yon sitiyasyon ki vin poze yon defi enpòtan pou avni agrikilti peyi a. Se nan kontèks sa a, yon politik mekanizasyon dirab agrikilti familyal la pran tout sans li, kòm zouti estratejik pou ankouraje yon nouvo jenerasyon pwodiktè, pou kenbe vivan ak modènize sektè a, ogmante efikasite aktivite agrikòl yo, ak amelyore sekirite alimantè nan peyi a.

1. Limit zouti tradisyonèl yo ak nesesite pou yon mekanizasyon agrikòl dirab

Zouti tradisyonèl yo, menm si yo senp, aksesib e nesesè nan anpil eksplwatasyon, limite kapasite travay pwodiktè yo. Zouti sa yo mande anpil fòs fizik, yo ralanti pwosesis travay la, epi yo pa efikas ase, sitou nan kondisyon tè wòch oswa konpakte. Itilizasyon zouti tradisyonèl yo mande anpil tan, lakoz anpil fatig pou pwodiktè yo ak pèt enèji. Alafen, nan anpil eksplwatasyon, sitiyasyon an pote dekourajman, abandon, migrasyon, … ⁣⁣⁣

⁣⁣⁣

Nan moman resansman jeneral agrikilti (RGA) 2009 la, yo te resanse 9183 traktè, 7342 motokiltè ak 7042 ponp irigasyon sou tout teritwa peyi d Ayiti. Majorite ekipman sa yo te konsantre nan depatman Lwès ak Latibonit, dapre rapò resansman an. Lè nou konsidere te gen 1018951 eksplwatasyon agrikòl, ak yon sipèfisi mwayèn anviwon 0.72 kawo, sa ki ekivalan apeprè 0.93 ekta, sa vle di te gen anviwon 1 traktè pou chak 111 eksplwatasyon, oswa apeprè 1 traktè pou chak 103 ekta. Pou motokiltè yo, rapò a te anviwon 1 pou chak 139 eksplwatasyon, oswa 1 motokiltè pou chak 129 ekta. Mekanizasyon agrikòl nan peyi a rete sitou nan nivo kèk aktivite an dedan yon pwogram ak inisyativ izole.

Repiblik dominikèn, pa egzanp, Leta rive devlope yon sistèm sèvis mekanizasyon atravè yon pwogram ak yon rezo sant sèvis mekanizasyon agrikòl, ki bay sèvis ti pwodiktè ak pwodiktè mwayen nan zòn agrikòl yo. Pwodiktè yo kapab mande sèvis la, siyen yon kontra epi peye tarif ki fikse selon operasyon an. 

⁣⁣⁣

Done RGA 2009 yo montre aksè a ekipman mekanize nan peyi a te deja  trè limite. Apre 16 ane, sitou avèk gwo vyolans ak ensekirite peyi d Ayiti ap konnen yo depi ane 2020, ekipman ak enfrastrikti agrikòl yo riske sibi gwo domaj ak pèt. Sa mande yon bon evalyasyon disponiblite, eta fonksyònman ak kantite ekipman agrikòl peyi a.⁣⁣⁣⁣⁣⁣⁣

2. Yon apwòch pou yon mekanizasyon dirab

Mekanizasyon dirab vle di plis pase enpòte gwo machin ak ekipman soti lòt bò dlo. Se tou modènizasyon pratik ak teknik agrikòl yo atravè yon mekanizasyon byen kalkile, adapte ak reyalite dimansyon eksplwatasyon yo, relyèf ak topografi teritwa peyi a ak reyalite sosyal pwodiktè ak antreprenè ayisyen yo.

Kontèks fizik, anviwònman ak kiltirèl peyi a plis egzije yon mekanizasyon ti echèl, kalibre, ak plizyè fonksyon ki kapab sèvi pou plizyè operasyon an menm tan tankou laboure, plante, irige ak transpò rekòt. Pa egzanp, motokiltè 2 wou oswa 4 wou ak lòt zouti agrikòl otomatik oubyen semi otomatik ki pa konsome anpil gaz, oswa ki itilize sistèm enèji solè, reprezante premye etap pou ogmante efikasite travay ak pwodiktivite agrikòl.⁣⁣⁣

⁣⁣⁣

Nan Plato Santral ak Sid peyi a, nou wè kèk kooperativ sèvi ak motokiltè pou prepare tè pandan sezon lapli, sa ki pèmèt yo double e pafwa triple kantite tè prepare nan menm kantite tan pandan y ap diminye depans pwodiktè yo. Nan depatman Nòdès, mekanizasyon an ra anpil. Sa fè plizyè ane, se operatè dominiken ki souvan vin ofri sèvis labouraj, rekòt ak ak lòt sèvis bay pwodiktè yo nan zòn Ba Maribawou (Wanament), Latas/Ferye (Fòlibète), ak anpil lòt zòn ankò.⁣⁣⁣

⁣⁣⁣

Zouti manyèl modènize, ansanm ak ekipman semi-otomatik ak otomatik rete yon opòtinite inovasyon travay agrikòl yo pou amelyore travay yo, redwi fatig fizik pou pwodiktè yo ak ogmante randman kilti yo.⁣⁣⁣

⁣⁣⁣

Visyon mekanizasyon agrikòl dirab la marye volonte ak angajman politik, rechèch ak transfè teknoloji. Yon alyans ki konsantre sou sèvis agrikòl ki mache ak pwodiktivite travay agrikòl yo an Ayiti. Maryaj sa a dwe tou tan sipòte konstriksyon kapasite nasyonal peyi a pou konsevwa, konstwi, teste ak difize pifò modèl zouti manyèl amelyore ki adapte ak bezwen pwodiktè yo. Yon apwòch konsa dwe chita sou patenarya piblik-prive pou mete an plas, a travè peyi a, plizyè sant ak atelye fòmasyon ak konstriksyon ekipman amelyore.⁣⁣⁣

⁣⁣⁣

3. Mekanizasyon kolektif ak fòmasyon fonksyonèl

Jesyon ekipman ak materyèl agrikòl yo toujou prezante gwo pwoblèm nan peyi a : pwoblèm efikasite, anpil lajan pou achte pyès ak antretyen materyèl ak ekipman sa yo. Yon jesyon medyòk, ki pa efikas e ki pa pote okenn amelyorasyon nan kalite ak volim sèvis yo. Mekanis administratif yo, kondisyon ak òganizasyon sèvis yo pa efikas. Entèferans politik tou se youn nan move pratik ki febli bon jan jesyon ekipman piblik yo; pratik sa yo merite yon analiz sou plan gouvènans.⁣⁣⁣

⁣Youn nan aspè esansyèl mekanizasyon dirab la se rezoud pwoblèm ki anpeche bon jan jesyon piblik ekipman yo, atravè lòt mekanis tankou elabore epi egzekite yon pwogram estratejik espesifik, devlope sèvis yo idantifye yo nan patenarya ak antrepriz prive lokal. Ti pwodiktè pa gen mwayen ase pou yo achte ekipman pou kont yo, yon modèl koperativ oswa sant sèvis mekanizasyon agrikòl avèk aktè prive yo kapab vin yon solisyon efikas. Sa ap pèmèt plizyè fanmi lwe machin oswa achte sèvis laboure, wouze, ak transpò rekòt, elatriye, a pri abòdab. Antretyen ak jesyon yo ap vin pi bon, pwolonje dire lavi materyèl ak ekipman yo epi pèmèt amòtisman envestisman yo fèt sou yon peryòd ki pi apwopriye.⁣⁣⁣

⁣⁣⁣

Fòmasyon teknik se yon lòt eleman kle. Jèn yo ka fòme kòm operatè, mekanisyen oswa antreprenè sèvis mekanizasyon agrikòl, pandan yo aprann antretyen ekipman, itilizasyon enèji pwòp, ak jesyon. Pwomosyon inovasyon lokal, tankou fabrike zouti ak materyèl amelyore lokalman, ranfòse kapasite peyi a pou devlope solisyon adapte epi redwi depandans sou enpòtasyon.⁣⁣⁣

⁣⁣⁣

Yon politik mekanizasyon dirab pou agrikilti familyal ki entegre tout eleman ki devlope nan dokiman sa a, kapab ogmante pwodiktivite, redwi efò fizik pwodiktè yo, ogmante patisipasyon fanm ak jèn nan agrikilti, epi kreye nouvo opòtinite antreprenarya riral. Li kapab tou redwi depans operasyonèl yo, limite polisyon ak itilizasyon gaz, epi ogmante revni fanmi yo. ⁣⁣⁣

⁣⁣⁣⁣⁣

Politik mekanizasyon dirab agrikilti familyal la nan peyi d Ayiti se yon zouti estratejik pou modènize sektè agrikòl la, kreye nouvo opòtinite pou jèn yo epi ankouraje yon lòt jenerasyon antreprenè agrikòl dinamik e pwodiktif.

Konsènan otè a :

Nolex Fontil se yon enjenyè agronòm ak ekspètiz nan estrateji devlopman, politik piblik, devlopman riral, sekirite alimantè ak gouvènans.

Li diplome nan Fakilte Agronomi ak Medsin Veterinè (FAMV) nan Inivèsite Leta d Ayiti (UEH). Li gen yon diplòm Master 2 nan Devlopman ak Jesyon Pwojè nan Inivèsite Senghor d Aleksandri, nan peyi Ejip. Li se prezidan komite direktè Asosyasyon Nasyonal Enjenyè Agronòm Ayisyen yo (ANIAH).

Imèl : ikontakanm@gmail.com