“Vrè echèk la, se lè nou pa te bati yon lekòl pou Ayiti”. Se pa sèlman yon refleksyon, men yon apèl pou aji, pou aji vit, paske lekòl pa ka tann. Depi plis pase 2 syèk, elèv ayisyen ap monte yon maswife pou rive rantre lekòl, aprann sou ban lekòl, reyisi egzamen epi reyisi lavi yo. Pandan dènye karant ane sa yo, apati 1982, gwo jefò te fèt pou lekòl la sanble konekte plis ak reyalite elèv yo, sitou ak lang kreyòl ayisyen ki ta dwe lang ak zouti pou anseye nan 4 premye ane lekòl fondamantal. Malgre gwo viraj pandan plis pase karant dènye ane sa yo, pwogram yo te bati sou yon ansyen apwòch pedagoji yo rele “Pedagoji pa Objektif”, ki plis mete aksan sou repete pa kè, san anpil koneksyon ak lavi reyèl. Sistèm sa a tounen yon antonwa : li louvri pou anpil timoun, men se kèk sèlman ki rive fini ak siksè, sa vle di ki gen konpetans lavi mande jodi a.
Depi plizyè dizèn ane, Ministè Edikasyon Nasyonal tante kase dinamik echèk sa, men poko gen bon jan rezilta pou anpil rezon ki pa sèlman nan responsabilite sistèm edikasyon an, tankou enstabilite politik, kriz ekonomik ki frape paran yo, ensekirite elatriye. Nan sa ki konsène ministè edikasyon, sa k ap eseye fèt la nan nouvo kourikoulòm sa, se pa yon ti ajisteman, men yon reyoryantasyon nèt sou wout lekòl Ayiti ap pran.
*Nouvo apwòch pedagojik ak nouvo materyèl didaktik*
Premye gwo chanjman ki make nouvo refòm kourikoulòm sa, se adopsyon apwòch pa konpetans pou ranplase ansyen metòd “repete pa kè a” ki te toufounen Pedagoji pa Objektif (PPO) la. Apwòch sa a mete timoun yo nan wonn sant aprantisaj la. Objektif la, se devlope kapasite pou panse, rezoud pwoblèm, pran desizyon, kolabore, epi angaje kòm sitwayen aktif ki pare pou lavi sosyal, pwofesyonèl ak ekonomik.
Nan sans sa, pwogram 7è, 8è, ak 9è AF ki deja reyekri pare pou aplikasyon apati pwochen ane lekòl la. Sa reprezante plis pase 500 000 timoun chak ane k ap antre nan nouvo lekòl sa a. Nan kad sa, elèv yo ap jwenn pa sèlman yon pi bon fondasyon nan matyè tradisyonèl tankou Matematik, Kreyòl, Fransè, Syans Sosyal ak Syans Eksperimantal, men yo ap gen aksè tou ak Espanyòl ak Anglè depi 5e AF, sa ki mete Ayiti sou wout yon edikasyon miltileng ki plis ouvè sou mond lan.
Chanjman sa a pa t ap posib san materyèl didaktik ki adapte. Se poutèt sa, Ministè Edikasyon an mete aksan sou liv obligatwa an kreyòl. Se nan kad sa tou, ministè a lanse eksperyans Liv Inik la, yon zouti ki vize mete plis jistis nan aksè a kontni ansèyman an, epi diminye echèk lekòl la epi rive gen plis enpak pase inifòm inik la nan kreye lespri amoni. Li mete tout timoun, tout kote, sou menm pye egalite lè li bay aksè a menm kalite kontni, menm estrikti ansèyman, menm fason pou konprann. Jiska jounen jodi a, plis pase 4 milyon kopi Liv Inik te deja enprime epi ap distribye, gratis, ak nan lekòl piblik ak prive.
*Kat nouvo matyè obligatwa pou aprann pou lavi ak Anseyan motive e kalifye*
Depi desizyon ministeryèl nan dat 14 jen 2023, gen kat nouvo matyè ki vin obligatwa, e ki antre nan egzamen Leta. Se Sitwayènte (Edikasyon Sivik), Edikasyon Estetik ak Atistik, Edikasyon Fizik ak Espò, epi Teknoloji ak Aktivite Pwodiksyon. Matyè sa yo bay elèv yo zouti pou aprann pou lavi, pa sèlman pou pase klas.
Sitwayènte a ap aprann timoun yo dwa ak devwa yo, epi kijan pou yo angaje yo pou chanje kominote yo. Edikasyon Estetik ak Atistik ap devlope sansibilite, imajinasyon, respè pou bèl bagay ak kilti peyi a. Edikasyon Fizik ak Espò ap mete sante, disiplin, espri ekip ak kowòdinasyon fizik nan sant aprantisaj la. Pandan Teknoloji ak Aktivite Pwodiksyon ap entwodui timoun yo nan inovasyon, kapasite pou kreye biznis. Se pa matyè pou fè bèl, se matyè ki nesesè pou konprann reyalite bitasyon, bidonvil, lavil, epi chèche solisyon.
Refòm sa yo, pou yo reyisi, mande Anseyan ki kalifye nan matyè sa yo e nan tout lòt matyè yo, ki motive, e ki santi yo respekte yo nan jan Leta ak sosyete a trete yo. Se poutèt sa li enpòtan pou kontinye mete aksan sou youn nan 12 mezi refòm 2014 yo : Pèmi Pwofesyonèl pou Anseyan ki chita jodi a sou nouvo Referansyèl Konpetans 2023 metye sa a. Inisyativ sa a te kòmanse ak plis pase 70 000 pèmi (PPE) ki se pa sèlman yon zouti administratif, men yon mwayen pou devlopman pèsonèl ak pwofesyonèl tout Anseyan. Pèmi a dwe sèvi tou kòm baz pou amelyore politik salè yo selon kalifikasyon, eksperyans, ak angajman pwofesyonèl yo. Li bay plis valè ak diyite ak metye a, pandan li fasilite mobilite nasyonal ak entènasyonal pwofesè yo, tankou nenpòt lòt metye ki estriktire. Pa gen refòm san Anseyan, epi pa gen Anseyan solid san Leta pa mete yo nan wonn sant politik edikatif li yo.
*Yon refòm ki kontinye, men ki adapte ak tan e defi jodi a*
Refòm sa sou rekonesans sa refòm minis Joseph C Bernard pote apati peryòd 1979 a 1982, jouk jodi a. Refòm Bernard mete baz lekòl fondamantal 9 ane a, entwodui lang kreyòl kòm mwayen ansèyman pou kat (4) premye ane yo, epi te vle modènize kourikoulòm la ak liv otè ayisyen ekri. Li te pale tou de yon nouvo kourikolòm lekòl segondè, men li pa t rive mete tout sa an aplikasyon. Se konsa li te pi fasil nan ane 2015 pou jeneralize gradyèlman pwogram nouvo segondè yo epi lanse premye lise Teknik agrikòl yo nan ane 2023 a.
Konsa tou, ant 2014–2016 epi sòti apati 2021, mwen te reprann anpil prensip refòm Bernard lan, men ale pi lwen paske se te desizyon nan 20è syèk pase a. Nan sans sa, nan kourikoulòm 2024-2054 lan, kreyòl vin ofisyèlman lang ansèyman jiska fen segondè a kontrèman ak kat (4) premye ane lekòl fondamantal yo. Espanyòl ak Anglè dwe rantre pi bonè nan 5è AF. Kidonk, nou sòti nan bilengwis pou pran wout miltilengwis. Anplis nouvo pwogram ki ekri selon apwòch pa konpetans ak nouvo matyè obligatwa yo, ministè a lanse evalyasyon nasyonal anplis egzamen tradisyonèl, yon fason pou mezire pwogrè elèv yo, epi konprann pi byen pou ki sa elèv yo echwe konsa. Konsa, ministè a ap gen baz pou pote koreksyon ki chita sou lasyans.
Nan menm lide sa tou, ministè a kreye Sant Pèmanan Evalyasyon pou apiye epi ede modènize travay Biwo Nasyonal Egzamen Leta ak lòt direksyon Teknik yo. San konte nivo preskolè vin obligatwa pou Leta ak tout elèv yo.
Sòti nan nouvo referansyèl konpetans Anseyan, kreyasyon pèmi pou anseye, pase pran politik nasyonal jesyon pwoksimite ki chita sou patisipasyon fanmi ak kominote, politik kantin eskolè ki chita sou pwodiksyon lokal, Sistèm Enfòmasyon Jesyon Lekòl la ki deja bay plis pase 3 milyon elèv yon nimewo indantifikasyon inik #NISU, elatriye, rasin nouvo lekòl la ap pouse.
*Yon Nouvo lekòl pou devlope potansyèl chak Timoun*
Nouvo lekòl Ayiti a pa ka tann. Se pa yon slogan, men li nesesè pou nou tout patisipe pou li ateri. Paran, dirijan lekòl, direktè, edikatè, kominote lokal, tout moun genyen wòl yo pou jwe pou nouvo lekòl sa a reyalize.
Lekòl sa a pa fèt pou kontinye separe timoun ant sa ki “reyisi” ak sa ki “echwe”. Li fèt pou devlope potansyèl chak timoun, san jije sou sa ki swadizan premye, swadizan dènye. Pou chak timoun jwenn chans li. Pou chak timoun devlope konpetans li, tèt li, lespwa kote y ap sispann aprann pou egzamen sèlman, epi kòmanse aprann pou lavi. Se pa lekòl pou prepare timoun kite Ayiti, se lekòl pou prepare yo rete, viv, bati peyi yo. #LekòlPaKaTann. #LivInik
