Jackson Jean, yon Ayisyen, sou tablo donè « Jèn Chanm entènasyonal  Bwenozè», peyi Ajantin

Jackson Jean se non jèn Ayisyen sa a « Joven Cámara Internacional de Buenos Aires (Jèn Chanm entènasyonal Bwenozè) remèt distenksyon « TOYP 2023 » pou kontribisyon li batay pou respè dwa moun nwa nan peyi Ajantin. Le Nouvelliste kontan rankontre jenn gason djougan sa a ki konte retounen nan peyi l anvan lontan pou li kontinye menm batay la sou yon lòt fòm.

Le Nouvelliste (LN) : Dabò, nan ka yon moun ki pral tonbe sou non ou pou premye fwa, kisa w ap di pou w prezante w?

Jackson Jean (JJ) : M se yon jèn Ayisyen ki fòse kite peyi l nan 2016 nan mitan etid inivèsite l (dwa, Gonayiv) akoz ensekirite, mete sou pwoblèm sosyoekonomik. Mwen ap viv Bwenozè (Ajantin) kote mwen etidye epi diplome nan jesyon lejislatif ak politik piblik, epi m ap goumen pou dwa moun nwa, migran ak refijye.

LN : &la

CET ARTICLE EST RÉSERVÉ AUX INSCRITS

Inscrivez-vous gratuitement

Il vous reste 85% à découvrir. Inscrivez vous pour lire la suite de cet article.