Fiksyon

Mizè atis-pent

Se paske penti se yon aktivite kiltirèl nou rankontre chak jou nan lari Pòtoprens ki fè nou gen okazyon rankontre yon atis-pent. Lè nou wè yon atis k ap vann tablo e ki chita devan chevalè l k ap penn, nou enterese al gade sa l ap fè. Lè w se yon jounalis kiltirèl, ou pi enterese atò pou pwoche bò kote l. E se paske sa atis la pwopoze nan lari a atire nou ki fè n al pale avè l. Depi yon penti rale n sou li se paske l touche n. An n al poze atis la kèk kesyon pou nou kapab konprann abilte l, teknik li pou l fè yon tablo.

Claude Bernard Sérant
Par Claude Bernard Sérant
08 mai 2024 | Lecture : 4 min.

C.B.S. : Bonswa atis la. M ap pase nan lari a, m voye je m sou tablo yo, m wè w ap travay.

Manmay: Mèsi.

C.B.S. : Ou konn travay.

Manmay: Wi.

C.B.S.: W ap penn, w ap vann tablo. Ou konnen se de gwo aktivite w ap mennen atis la.

Manmay : Se vre wi.

C.B.S.: Atis, ou manyen penso w fen. A! wi. M ta renmen mande w kòman w rele ?

CET ARTICLE EST RÉSERVÉ AUX INSCRITS

Inscrivez-vous gratuitement

Il vous reste 85% à découvrir. Inscrivez vous pour lire la suite de cet article.