Kè mwen son’w siwo kote yo met twòp suk ladan’l
Panse m son’w cocktèl, tafia w la ka fè m pran kabanm
W’ brase m kon’w tchaka k’ape pran nanm anba on dife
e mwen ka finn boule tèlman chabon sa debòde
Si’w tande’m chimè m’ap mete dife nan lari
M tou di’w se pa fòt mwen nan moman an se sa m santi
M’pap bay manti, yon jou w’ka tande mwen kriminèl
Ou ka annik bo’m sou 2 bò pou bagay yo pa myèl
Flo’m se pou ou lè mape chante cheri mape chante pou ou
Lè m’ape danse baby mwen fè bèl mouv pou ou
Lè m’ape pale cheri m’ape pale de ou
e lè m’ape panse baby m’ape panse a ou
Cheri sak pi mal la ou pa menm ban mwen yon kout je
Mespere yon jou wa konnen ke se pou mwen w’te ye
Lè m’ape chante cheri m’ape chante pou ou
Tout ti kè’m se pou ou mwen di
Bo’m sou 2 bò ò ò
Mwen ta renmen sa tanpri
Mwen mande’w bo’m sou bouch ou di’m se pa sa ou anvi
M’ te vle pran lang avè’w ou te di mwen gen pwoblèm
Enben cheri fò’w ta fon’w jan pou pa fè lavi mwen blèm
Bo’m sou 2 bò ò ò
Mwen ta renmen sa tanpri
Mwen mande’w bo’m sou bouch ou di’m se pa sa ou anvi
M’te vle pran lang avè’w ou te di mwen gen pwoblèm
Enben cheri fò’w ta fon’w jan pou pa fè lavi mwen blèm
Bo m’ sou 2 bò ò ò
Fanm banm tchèk yo pa’t konnen’m te gen mèt
menm si nou pa renmen pito w’ banm on bal a la tèt
Mwen tèlman damou’w fò m’pa kwè yon jou m’ap janm regrèt
Kouri m’kouri sou ou ta di’m pi mal kon’w ti bèt
Malgre lòt nèg tcheke’w mwen menm mwen toujou ret tèt frèt
leu on nèg al avè’w gon moman mwen rete m’ di kèt
Kèt kèt kèt gad kijan yo pran’m nan jwèt
Men Cheri si’m pat renmen’w s’anvè bondye m’tap gen dèt
Flo’m se pou ou lè m’ape chante cheri m’ape chante pou ou
Lè m’ape danse baby mwen fè bèl mouv pou ou
Lè m’ape pale cheri m’ape pale de ou
e lè m’ape panse baby m’ape panse a ou
Cheri sa’k pi mal la ou pa menm banm mwen yon kout je
m’espere yon jou wa konnen ke se pou mwen w’ te ye
Lè m’ape chante cheri m’ape chante pou ou
Tout ti kè’m se pou ou… Mwen di
Bo’m sou 2 bò ò ò
Mwen ta renmen sa tanpri
Mwen mande’w bo’m sou bouch ou di’m se pa sa ou anvi
M’te vle pran lang avè’w ou te di mwen gen pwoblèm
Enben cheri fò’w ta fon’w jan pou pa fè lavi mwen blèm
Bo m’ sou 2 bò ò ò
Mwen ta renmen sa tanpri
Mwen mande’w bo’m sou bouch ou di’m se pa sa ou anvi
M’te vle pran lang avè’w ou te di mwen gen pwoblèm
Enben cheri fò’w ta fon’w jan pou m’ pa fè lavi mwen blèm
Bo m’ sou 2 bò ò ò
.