Manman se souf lanmou

Kote lespwa fè bèk atè solèy reveye tout dodo titit pou libere yon refren  se nan manmèl fanm lavi pran jèvrin  pou  batistè l bay payèt tout fanm se manman k ap file pawòl tololo  pou koud sikatris pataswèl lavi  sou chini do nou manman se souf lanmou depoze nan ganmèl lavi pou n goute lòsye byennèt  manman manman manman o lajwa w fele si m malad ri w tranble si m bite men yon te lanmou w mete m kanpe  se nan vèb ki marande pasyans lan menm sajès ou pouse rasin ou kanpe tennfas nan powèm lan pou senyen mizè  pou bat lakanpany ak grangou pou reveye lespwa nan demen m pou pase swaf mwen ak souri w ou keyi rèv sou chak branch solèy .

Darly Renois
Par Darly Renois
26 mai 2020 | Lecture : 1 min.

Kote lespwa fè bèk atè

solèy reveye tout dodo titit pou libere yon refren 

se nan manmèl fanm

lavi pran jèvrin 

pou  batistè l bay payèt

tout fanm

se manman k ap file pawòl tololo 

pou koud sikatris pataswèl lavi 

sou chini do nou

manman se souf lanmou depoze

nan ganmèl lavi

pou n goute lòsye byennèt 

manman

manman

manman o

lajwa w fele si m malad

CET ARTICLE EST RÉSERVÉ AUX INSCRITS

Inscrivez-vous gratuitement

Il vous reste 85% à découvrir. Inscrivez vous pour lire la suite de cet article.