Bon van Émérante!

Espri Émerante chante peyi… Yon Espri ki rele espri.

Lody Auguste
Kafou Fèy, 6 janvye 2018
Par Lody Auguste Kafou Fèy, 6 janvye 2018
02 févr. 2018 | Lecture : 1 min.

Espri Émerante chante peyi…

Yon Espri ki rele espri...

Yon espri ki chita kilti peyi

Nan tout nanm li, san paspouki...

Se yon potorik fanm lakay

Ki charye nan Zantray

Toupatou , sou tout ray

Respè idantite Ayiti

Respè patrimwàn kilti peyi…

Sitou respè pou la vi lakilti

Émérante, yon fanm solid tout bon

Ki kite yon gwo paj listwa ekri ak patisyon

Patisyon ki dwe fè lakilti pran wout liberasyon…

Bon van Émérante!

Lody Auguste

Kafou Fèy, 6 janvy

CET ARTICLE EST RÉSERVÉ AUX INSCRITS

Inscrivez-vous gratuitement

Il vous reste 85% à découvrir. Inscrivez vous pour lire la suite de cet article.