Pwezi

Nwel Pam\'m

Nwèl pam, se de bout manyok bouyi Ak yon godèt dlo sous pyant Se yon pwason, kap kreve fyél mwen Nwèl pam, se pa lanmou Men yon panyen koze devan deyé Ki vle\'m kwè ke depi Daome ak nan ginen Nég rayi, nég Nwèl pam se tristes lèm gade Jan yon dezièm fwa Yo touye DESSALINES ak Toussaint LOUVERTURE Rasin nan sanble pat pwofon mapou tonbe Kabrit mange fèy li Papa nwèl se pa fèt linyon Ki preche la delivrans Se pito yon jou kote fè nwa blayi Nan kat kafou, pou bay la gé Kat blanch, sakrifyé sou lotèl la ront Peyi\'m ki dechire an miyèt moso Si Katrin FLON te ka pase Li ta rekoud yon lot drapo Pou fè\'n sonje Lafrik manman\'n Kote\'n soti Nwè, li minwi nan savan nan Manman pitit mare senti Agarou madigra mal maske ak bon mask Pra\'l fè dlo kò\'n benyen kòn Beng beng minwi sonen Yo eten souf ti jezi Li pa gentan sot bètleyèm Pou sove AYITI Lè bwa chèn desan li pa respekte Ni zotobre, ni malere kanson pyèsè Nwèl se ki vèb ak ki bouch Ke mwen ka konjige\'l Ti zezi mouri nan pasaj Makònen ak pòv yo Pye bwa, fatra, bèt Ale nan dlo Yo ateri potay sen josèf Pou dekore mize orè Ke anken atis pa ka pen\'n Nwèl se ki vèb ak ki bouch Ke mwen ka konjige\'l Si\'l te yon boul bòlèt Mwen ta jwel ak revè Fè mariaj ak loto Ay ayay si\'l ta manke fè Dekabés mwen ta fè peyi\'m nan Bèl ti fi Epa map depale se pa lajan ki manke Se volonte Ak lanmou sèlman pou fè Gran jou nwèl la Tounen yon fèt Kote tout moun santi yo se frè Nan yon bouyon lanmou Men\'m jan ak lè gen kanaval Nwèl pam se yon rèv je klè Ke mwen fè, men jan ak Martin LUTHERKING Ki pa wè rèv blan ak nwa chita menm kote Jodi ya se yon reyalite nwèl pam se yon rèv kote tout souflantyou, machan peyi va konpran ke se tout ayisyen men nan men ki pou fè AYITI resisite .

MILARD Martine
Par MILARD Martine
23 déc. 2004 | Lecture : 2 min.
Nwèl pam, se de bout manyok bouyi Ak yon godèt dlo sous pyant Se yon pwason, kap kreve fyél mwen Nwèl pam, se pa lanmou Men yon panyen koze devan deyé Ki vle\'m kwè ke depi Daome ak nan ginen Nég rayi, nég Nwèl pam se tristes lèm gade Jan yon dezièm fwa Yo touye DESSALINES ak Toussaint LOUVERTURE Rasin nan sanble pat pwofon mapou tonbe Kabrit mange fèy li Papa nwèl se pa fèt linyon Ki preche la delivrans Se pito yon jou kote fè nwa blayi Nan kat kafou, pou bay la gé Kat blanch, sakrifyé sou lotèl la ront Peyi\'m ki dechir
CET ARTICLE EST RÉSERVÉ AUX INSCRITS

Inscrivez-vous gratuitement

Il vous reste 85% à découvrir. Inscrivez vous pour lire la suite de cet article.