Rockfam - Kanaval 2013 "Kale Yo"

Intro Yeah 2013 « DelmasFIA » Rock Rock Rock Rockfam, Nou pral « Kale Yo » I (Sniper) Nou tout konnen kanaval son tradition Ou met ret lakay siw konnenw gen madichon Nou pa bezwen la violence comme addition 2013 ann bay exemple ke nou kapab fè sa ki bon II (Jah B) Apre yon ane nou tap reve jou a rive Nan kanaval nou pral kwaze Bel akolad plezi gaye fete poun voye problem ale Nap fel san violence, pa bliye s'on sel nou ye III (Knaggs) Chak annee yo toujou d'n lèn nan kanaval piga kale Moun ki vinn pran plezi defoule voye stree ale Kounye a 'w pa wè ni 1 ni 2 ni 3 bagay se pare Pou vinn fè dezòd, vinn fè record nan zak malonèt Cependant malgre kew te konnen gen fòs de lòd ou pat care Paskew te gentan gate ak vye metòd ou pansew aslè Sa fè lontan déjà vye jès bosal fè makak pa alamòd Gade kanaval la poko menm komanse ou gentan nan men la police anba kòd Choral Sak te diw rantre nan bann pouw fè moun kouri Sak te diw rantre nan bann avek bistouri Sak te diw rantre nan bann ak jilèt bouyi Kale yo (5 fois) BWA (bis) IV (Toppy X) Fòk nou met tèt ansanm poun di haiti pa pou vann Nou pata dwe ret tann lòt nation ki pou potye bann Nou sanble pa konprann, pays nou se nouk pou defann li Bwa nan dada yo bwa, bwa nan dada yo bwa (bis) V (Preacha) Ane a nou prouve nou pi bon fanatik ann monte en mas Tout kote nou pase n'afichen, nou kwaze advèsè pa vinn fè odas Nan bann nan pa gen lese frape, nou vle tout moun tèt glas San violence nap demare poun bay lanmou yon premye plas VI (Atros) Nou gen dwa pou n' pale Pou n' revandike epi danse Nou gen dwa pou n' kale Tout sa k' anpeche peyi n' vanse Kale ONG yo Raketè yo kidnapè yo Foure dwèt nan je yo Pou n' montre yo nou pa pè yo Nou pa dwe gen twòp sousi Nou pa nan kontre sousi Ann pwofite pou n' jwi lavi n' Pran ti plezi nou pousi N' pa ta gen chans lòt ane N'pa dwe nan lese frape Se vyolans pou n'kondane Tout sa k' pa bon nou dwe kale Bridge (Toppy X) Kale yo kale yo Tout sa ki kont sekirite Kale yo kale yo Tout sa k' pa vle lavi chè bese Kale yo kale yo Si nou pa jwenn elektrisite Kale yo kale yo (bwa) Pikan (VII) Siw pa avèn ou avèg Rockfam mete tout moun sou lòd Siw avè nou afichew tout sak pa dwat pral anba kòd Mechanste pa ladanl, kanaval san violence fòk nou proteje vi nou Tout djo kannèl Okap anm yo kòmanse fèm tande bri nou Han Han Han Han Skiyouuuu (mwen pa tande) Han Han Han Han Skiyouuuu Elil ye I, e pa lòt non frèm Fo elèv pa kopye sou nou yap pran fèy ou frèm (bis) Bridge II Mimi pran nan dlo cho koul we dlo fret li kouri Woy woy woy, m' pansel tap korije (bis) Men chalè a, men dife a, men dlo bouyi a, men sam tap palew la (bis) Reprise Choral Sak te diw rantre nan bann pouw fè moun kouri Sak te diw rantre nan bann avek bistouri Sak te diw rantre nan bann ak jilèt bouyi Kale yo (5 fois) BWA (bis) Fatal (IIX) Chak ane s'on sèl randevouTout tandans nan yon sèl pakou Tout koulè briye tou patouRockfam sa jere tout atou Konsal te toujou ye fanm ak gason ki vinn pou defoule Sak vini pou touye vin pou goumen ou la pou 2 tou jew Big Jim (IX) M'pa bezwen konnen sa'w konn fe deja, madigra m'pa pè'w.

Le Nouvelliste
Par Le Nouvelliste
28 janv. 2013 | Lecture : 5 min.
Intro Yeah 2013 « DelmasFIA » Rock Rock Rock Rockfam, Nou pral « Kale Yo » I (Sniper) Nou tout konnen kanaval son tradition Ou met ret lakay siw konnenw gen madichon Nou pa bezwen la violence comme addition 2013 ann bay exemple ke nou kapab fè sa ki bon II (Jah B) Apre yon ane nou tap reve jou a rive Nan kanaval nou pral kwaze Bel akolad plezi gaye fete poun voye problem ale Nap fel san violence, pa bliye s'on sel nou ye III (Knaggs) Chak annee yo toujou d'n lèn nan kanaval piga kale Moun ki vinn pran plezi defoule voye stree
CET ARTICLE EST RÉSERVÉ AUX INSCRITS

Inscrivez-vous gratuitement

Il vous reste 85% à découvrir. Inscrivez vous pour lire la suite de cet article.